Apwopo de Aprann

Istwa nou, misyon nou ak vizyon nou pou chanje edikasyon ann Ayiti.

Pseki nou anseye 100% an Kreyòl Ayisyen?

Ayiti gen milyon de pale kreyòl ayisyen, men majorite kontni edikatif oswa fòmasyon dijital sou entènèt la disponib sèlman an franse, angle oswa panyòl. Baryè lengwistik sa a kreye yon eksklizyon dijital sistèmatik pou gwo pati nan popilasyon an, ki oblije fè tradiksyon mantal pandan y ap aprann konsèp teknik yo.

Nou kwè **lang se pa yon baryè, li se yon zouti pou kreye**. Lè yon etidyan aprann lojik kòd la, matematik oswa biznis nan pwòp lang manman li, li konprann konsèp yo **3 fwa pi rapid** epi li kapab aplike yo enstantane.

Valè Nwayo nou yo

01

Aksesibilite

Kou abòdab ak peman lokal MonCash pou nenpòt moun ki gen yon telefòn kapab aprann fasil.

02

Kilti ak Idantite

Valorize lang kreyòl la ak konesans lokal pou kreye yon edikasyon kiltirèlman lokalize.

03

Senplisite

Platfòm trè lejè ak fasil pou itilize, menm sou koneksyon entènèt mobil 3G/4G ki enstab.

Objektif alontèm nou yo

Vin pi gwo referans nasyonal alafwa an edikasyon ak fòmasyon ayisyen sou entènèt, k ap pèmèt pwofesè ak kreyatè kontni lokal yo jenere revni pandan y ap fòme jenerasyon k ap vini yo nan pwòp lang yo.